AddText 12 11 12.45.44

Ekonomi: Gouvènman Ayisyen an deside remèt mache petwolye a bay sektè prive a.

Nan yon konferans pou laprès gouvènman Ayisyen an bay jounen vandredi 10 desanm 2021 an, an prezans plizyè gwo otorite nan gouvènman an tankou Premye minis defakto Ariel Henry ak divès reprezantan konpayi petwolye, minis finans ak ekonomi an Mesye Patrick Boivert, anonse Leta Ayisyen deside libere mache petwolye a bay sektè prive a.

Pilwen, minis ekonomi ak finans lan anonse dènye dispozisyon sa a pran nan objektif pou ka genyen bon jan jesyon nan pwodwi petwolye yo nan transparans.

Selon Patrick Boivert, apèl òf sa a lanse sèlman ak konpayi ki travay nan sektè petwolye a, epi se konpayi ki pral vann Leta gaz la nan pibon pri a ki pral ranpòte mache a. Minis Boivert kontinye pou l di, gen yon nouvèl apèl òf ki pral lanse nan fen mwa desanm lan.

Yon lòt kote, Direktè jeneral Biwo Monetizasyon Pwogram èd yo pou Devlopman (BMPAD), Fils-Aimé Ignace Saint Fleur presize pwosesis apèl òf ki bout la te lanse depi 2 semèn. Direktè BMPAD la kontinye pou l fè konnen se konpayi ki pwopoze epi ki pral vann pwodwi petwolye yo nan pi bon pri a ki pral genyen mache a, epi tout moun ki pral enpòte pwodwi sa yo dwe rete nan pri ki sou mache a pou plase kòmand yo.

#RegardNational

One Reply to “Ekonomi: Gouvènman Ayisyen an deside remèt mache petwolye a bay sektè prive a.”

Comments are closed.