AddText 12 13 08.25.14

Ogmantasyon pri gaz ou 6èm gòl: Plizyè zòn paralize.

Jodi lendi 13 desanm 2021 an, kèk zòn nan depatman lwès la te bloke konplètman. Bonrepo konnen yon move moman kote chofè bis ki asire trajè bonrepo kafou ayewopò ak anba lavil kanpe travay epi bloke wout la nan lide pou mande enkilpe Ariel Henry retounen sou desizyon pète fyèl li te pran poul moute gaz la.

Nan komin Petyonvil anpil vit machin kraze ak kout wòch. Sou wout Dèlma, anwo pa monte, anba pa desann. Dèlma 60 te bloke rapyetè, chofè kamyonèt ak moto pran gwo kamyon mete ankwa pou bloke wout Dèlma 60 lan.

Nan zòn pwovens Tigwav kanpe an bandisyon, depi vandredi aksè ale Tigwav la te difisil akoz mòn tapyon te bloke. Mibalè, Laskawobas, Beladè tout te bloke. Yon jenn gason rive pèdi lavil anba bal lapolis nan komin Laskawobas.

Antre Sid Mibalè jounen lendi 13 desanm nan

Pandan yon ti bat bouch jounalis Regard National t ap fè ak yo, chofè yo fè konnen leta san pitye a lage yo nan batay ak patwon yo ki se pasajè yo paske yo moute pri gaz yo, yo di pri machin rete jan l ye a.

Yon lòt kote, kèk moun nan nan popilasyon an tou pwofite okazyon an boule kèk kawotchou nan kanaran, sa pat rete konsa, pi douvan toujou sou wout bonrepo a ki pa twò lwen lopital madan Mateli a selon popilasyon an, yon gwoup nèg ame jouk nan dan avèk gwo zam kanpe nan wout la epi bloke sikilasyon an.
#RegardNational